Ohhh, ou genlè te fèt pou mwen… Yeahhhh, ou genlè te fèt pou mwen… Hmmm… ou genlè… Se pa yon aksidan, sa klè, sa te ekri Lè m gade nan je’w, mwen wè yon lanmou kap grandi Si'w kòmanse yon fraz, mwen fini’l nan tèt mwen Menm lè ou lwen, mwen toujou santi'w nan kè mwen M’ap gade'w, map souri san pale Mwen santi chalè'w, tankou solèy apre lapli When you cry, mwen santi doulè'w nan nanm mwen Tankou de moun ki pa ka viv san lòt,yo fè’n ansanm Ou genlè te fèt pou mwen, Ou fè kè mwen danse Genlè Bondye te pran tan’l, lè’l t’ap fè plan, Pou’l mete’w nan lavi mwen E si ou te fèt san mwen, Mwen pa ta menm jan Tankou zetwal ak lalin lan, Nou fèt pou klere ansanm Ou se melodi nan chak chante'm konpoze Mwen se tambou, ou se ritm lan ki fè'm avanse Nou konplete youn lòt, pa gen plas pou dout Mwen ak ou, nou tankou dlo ak sous kap koule Gade kijan nou byen balanse, chak mouvman nou senkronize Ou se lakansyèl ki pote koulè nan syèl mwen Chak lè kè mwen bat, ou deja konprann Se ou ki limyè nan fènwa mwen, nou fèt pou viv ansanm Ou genlè te fèt pou mwen, Ou fè kè mwen danse Genlè Bondye te pran tan’l, lè’l t’ap fè plan, Pou’l mete’w nan lavi mwen E si ou te fèt san mwen, Mwen pa ta menm jan Tankou zetwal ak lalin lan, Nou fèt pou klere ansanm Ou genlè te fèt pou mwen, Ou fè kè mwen danse Genlè Bondye te pran tan’l, lè’l t’ap fè plan, Pou’l mete’w nan lavi mwen E si ou te fèt san mwen, Mwen pa ta menm jan Tankou zetwal ak lalin lan, Nou fèt pou klere ansanm Nou fèt pou klere ansanm